Accessibility links

Breaking News

Etazuni Dispoze Ayeropò pou Nasyonzuni  Fè Vòl Dujans sou Pòtoprens


Lèzetazuni mete yon ayeropò a dispozisyon Nasyon Zuni pou l kapab fè vòl dujans yo sou Pòtoprens.

Pòtpawòl sekretè jeneral LONU nan Washington, Yves Sorokobi, di Lavwadlamerik yo deja denonbre kadav 4 polisye UNPOL ak 18 Kask Ble ki mouri. Nouvo reprezantan pwovizwa sekretè jeneral LONU-an, Edmond Mullet, rive amidi-a nan Pòtoprens.

Antretan sekouris kontinye ap fè manèv pou sove aktyèl chef sivil LONU-an, Heidi Annabi, ak yon delegazyon Chinwaz ki toujou anba dekonb katye jeneral Nasyon Zuni an, Otel Christopher. Yves Sorokobi di Lamarin ak militè ameriken yo deja pran situasyon-an an men.

XS
SM
MD
LG