Accessibility links

Breaking News

Legliz Katolik Fè Gwo Pèt Nan Tranbleman de Tè Ayiti a


Legliz Katolik se yon gwo viktim nan tranbleman de tè ki frape Ayiti a. Alatèt Legliz la li-menm, Achevèk Serge Miot, jwenn lanmò nan Pòtoprens e Katedral la tonbe ra pye tè. Se kèk panno sèlman ki kanpe nan Bazilik Notre Dame.

Gen plizyè pè ki jwenn lanmò pandan soukous la. Reveran Donelson Thévenin, ki Vikè Legliz Holy Cross (Sent Kwa) nan Brooklyn, New York, te konfime nouvèl sa a pou Lavwadlamerik.

Pè Donelson di nou gen yon efò ki soy pye nan New York, tankou sa ap fèt toupatou nan diaspora a, pou pote sekou bay popilasyon sinistre yo nan peyi dAyiti.

Si ou ta renmen koute ti kozman Pè Donelson te fè ak Chérubin Dorcil apremidi a, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG