Accessibility links

Breaking News

LONU Voye Edmond Mullet Ann Ayiti pou Ranplase Heidi Annabi


Sekretè jenreal Nasyon Zini, Ban Ki-Moun, voye Edmond Mullet ann Ayiti al’ ranplase reprezantan’l nan Pòtoprens, Heidi Annabi. Mesye Annabi twouve l’ jiska prezan anba dekonb katye jeneral enstitisyon an--otèl Christopher-- ki efondre apre gwo soukous tranbleman detè 12 janvye a.

Youn nan pòtpawòl LONU nan Washington, Yves Sorokobi, di Lavwlamerik Sekouris Nasyon Zini kontinye ap fè manèv pou soti mesye Annabi anba debri yo. Mesye Sorokobi fè konnen pwoblèm sanitè a preokipe l anpil akoz dekonpozisyon kadav plizye milye moun ki mouri swa nan lari swa anba kay kraze.

Ed entènasyonal la pa ko materyalize. Nan sans sa a pòtpawòl Nasyon Zuni an mande kominote entènasyonal la pran plis angajman vizavi Ayiti. Mesye Sorokobi di : « Se pa yon afè LONU ak gouvenman aysiyen kap regle la a. Li lè li tan pou kominote entènasyonal la demontre enterè l pou Ayiti. La vi yon Ayisyen gen menm valè ak sitwayen lòt peyi yo. »

Sorokobi di tranbleman detè a kraze sistèm kominikasyon Nasyoyn Zuni ak kapasite tenik anpil òganizasyon ki anpeche yo byen menen operasyon imanitè sou teren an.

Pou sa ki konsène kantite mounn ki mouri, pòtpawòl LONU an fè konnen Li trè difisil pou avanse yon chif. Mank ekipman pou retire blòk beton kay kraze yo, wout yo ki an movè zeta, enkapasite yo pou twase lòt wout rakousi se kè pami obsak yap rankontre sou teren an.
Toujou daprè Yves Sorokobi, gen pou pipiti yon santèn fonksyonè Nasyon Zini ki pa reponn a lapèl. Plizyè peyi zanmi Ayiti pèdi solda nan kontenjan militè MINUSTAH, pami yo peyi Brezil.

Konsènan trafik ayeryen an, LONU pran dispozisyon pou aeropò kapab kontinye fonksyone. Mesye Sorokobi fè konnen gen yon avyon chinwa ak yon avyon ameriken ki pote asistans imanitè deja ateri. Lakwa wouj entènasyonal ap voye avyon pa l’ demen jedi a.

LONU pral kontinye kodone asistans imanite a. Sekretè jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-Moun ofri pwomèt pou l’ bay 10milyon dola asistans pandan l’ ap’ prepare pou l’ depche anvwaye spesyal li, ansyen prezidan Bill Clinton nan Pòtoprens.

jleroy@voanews.com

klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute entèvyou Lavwadlamerik avek pòt pawòl sekretè jeneral Nasyon Zini an.

XS
SM
MD
LG