Accessibility links

Breaking News

La Chin Pral Voye Sekou, Sekouris Pou Ede Ayiti


La Chin prese voye pwovizyon sekou ak sekouris pou ede Ayiti aprè tranbleman de tè ki frape peyi sa a, malgre pa gen relasyon diplomatik ant 2 peyi yo. Absans lyen diplomatik ant Pòtoprens ak Peken pa kanpe sou chemen efo chinwa-yo ap fè pou yal ede zile karayibeyen sa a aprè ravaj tranbleman de tè a.

Nan yon konferans pou la près, pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa a, Jiang Yu di peyi li a eksprime senpati-l pou gouvenman-an ak pèp ayisyen-an.

"Ministè afè etranjè chinwa-a voye yon telegram kondoleyans bay tokay ayisyen ni yo," li fè konnen.

Lè yo mande-l si wi ou non gen difikilte diplomatik ant 2 peyi yo, li reponn pou-l di Peken gen kè sote pou sitwayen chinwa ki lòt bò a, kelkeswa kote yo ye a e nou pral nan pròp mo pa li fè tou sa nou kapab pou proteje yo.

Madan Jiang di nan jou ki sot pase yo, la Chin te gen enfòmasyon sou situyasyon ki gen kounye a gras a diferan kanal. La Chin kontakte gouvenman ayisyen an e lap fè aranjman avek otorite konsène yo pou bay asistans li ak travay sekou yo.

La Chin voye an’Ayiti yon ekip sekou ki gen 60 manb e Lakwa Rouj chinwa a bay yon milyon dola asistans durjans. 8 chinwa ki tap patisipe nan misyon lapè Nasyonzuni an ki toujou antere anba debri, e gen 125 chinwa ki nan fòs mentyen lapè Nasyonzuni an, an’Ayiti.

Pòtpawòl chinwa-a di la Chinn gen anpil kè sote sou sekirite konpatriyòt chinwa ki soti Hong Kong, Macau ak Taiwan e ki an Ayiti. Taiwan ak Ayiti gen relasyon diplomatik ofisyel e Taipei voye sekouris al ede nan efò sekou yo an’Ayiti.

XS
SM
MD
LG