Accessibility links

Breaking News

Manm Kongrè Ameriken Pran Dispozisyon pou Ede Ayiti


Manm Kongrè ameriken-an pran angajman pou yo fè tout sa yo kapab pou yo pote asistans bay pèp ayisyen-an apre pasaj tranblemann tè ki devaste kapital-la ak rejyon alantou-yo.

Palmantè-yo nan Chanm depite-a ak nan Sena-a prezante kondoleyans yo bay pep ayisyen-an an e yo pwomèt tout apui Lèzetazini ak asistans kominote entènasyonal-la. Yo deklare Lèzetazuni nan yon pozisyon “ink” pou ede Ayiti.

Prezidan sou-komite Chanm Reprezantan-an pou afè emisferik-yo, demokrat nouyòkè Eliot Engel, deklare tan “esansyel" pou efò pou sove otan moun posib apre pasaj tranblemen’ntè ki ravaje nasyon karayib-la.

"Nou vle di pèp Ayisyen-an ke pèp Ameriken-an, Kongrè Ameriken-an, avèk ou. Pap gen yon grenn wòch nou pa pral vire pou eseye sove lavi," Misye Engel di. "Pwochen 72 zè-yo pral 'enpòtan' pou n’ sove vi, pou’n anpeche tout tip epidemi, pou manje ak bon dlo kontinye al jwenn sinistre-yo e asire ke maladi pa deklare, piyaj ak tout lòt typ maladi."

XS
SM
MD
LG