Premye-Minis britanik la, Tony Blair, di l'ap pwopoze yon konferans entènasyonal sou refòm pou palestinyen yo, réfòm ki pral ede yo tounen "yon vrè patnè kap negosye" pou lapè avek Izrayèl.
Pandan Msye Blair t'ap pale nan Jerusalem jodi mèkredi a aprè kèk chita-tande avek Premye-Minis izrayelyen an, Ariel Sharon, li deklare konferans Lond ap pwopoze a, e ki fikse pou lane pwochèn, ta prepare Palestinyen yo pou yo pran avantaj nan retrè planifye lame izrayelyèn nan nan Gaza. Premye-Minis Sharon di li apiye objektif konferans sa a, men li pa pral voye yon delegasyon al patisipe ladan n.