Lèzetazini mande Sekretè-Jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, pou l'al vizite rejyon Darfour, nan lwès peyi Soudan, apre msye Annan te kritike fason Konsèy Sekirite-a ap fè fas ak vyolans la nan zòn sa a. Annan te pale konsa yè nan yon konferans pou laprès:
"Si dwe gen lòt apui ak lòt aksyon ki nesesè, Konsèy la fèt pou li pran responsablite li. Aprètou, se li ki prensipal responsab pou lapè ak sekirite entènasyonal.
Apre deklarasyon sa a, kèk diplomat nan Konsèy Sekirite L'ONU an pat kache mekontantman yo e yo te mande pou Kofi Annan jwe yon wòl pi enpòtan tou nan kesyon Darfour la.