Accessibility links

Breaking News

Sekretè-Deta Ameriken an Deklare Aristide Pa Ladann!


Sekretè-Deta demisyonè ameriken Colin Powell mande sipòtè lidè egzile ayisyen Jn-Bertrand Aristide pou yo mete tèt ansanm ak gouvènman pwovizwa a pou soti Ayiti nan kriz l'ap travèse la a. Msye Powell di bezwen pèp ayisyen an pi plis e pi enpòtan pase yon grenn moun e ansyen prezidan Aristide pa sou sèn nan ankò, li pa gen plas nan vi politik peyi a kounye a. Colin Powell te fè deklarasyon sa a apre nèg ame te boukante kout zam ak solda Nasyonzini ozalantou Palè Nasyonal la kote chèf diplomasi ameriken an t'ap rankontre klas politik la Mèkredi 1 Desanm nan.
XS
SM
MD
LG