Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Nan Irak Anonse Yon Ankèt Apre Yon Eksplozyon Ki Touye 22 Moun


Lame amerikèn ann Irak fè konnen l'ap kontinye mennen
envestigasyon sou kokenn chenn eksplozyon ki fèt yè madi a nan yon baz militè kowalisyon an toupre vil Mosul, nan rejyon Nò peyi a. Bilan: 22 mò, pami yo gen 14 sòlda ameriken. Atanta a fè tou 72 blese. Nan viktim yo, genyen gad nasyonal irakyen ak sivil ki tap travay pou militè yo.

Lame Ansar al-Sunna, yon gwoup militan ki gen koneksyon ak rezo teroris al-Qaida a pran responsablite l' pou zak la e li fè konnen se yon kamikaz, yon moun ki te tache yon bonm sou li, ki lakòz eksplozyon an, sepandan pa gen sous endepandan ki verifye deklarasyon sila a.

Plizyè santèn sòlda ameriken te apèn chita nan yon mès, kidonk yon gwo kantin lame a, pou yo pran dine yo lè eksplozyon an te lage panik sou tout moun. Yon jounalis ki te asiste sèn nan rapòte li te wè sòlda ki sot tonbe pa bann e pa pakèt; gen lòt ki vole anlè tonbe atè pandan yon boul dife te vlope tant ki te kouvri kantin nan. Jeneral de Brigad Carter Ham, ki kòmandan fòs ameriken yo nan Mosul di ankèt la ap kontinye pou yo jwenn kòz eksplozyon sila a. Li di se gwo lapenn ki genyen jodi a pami twoup yo ak sivil kap travay ak militè yo.

Jeneral Ham di, "vrèman vre, se yon jou ki trè, trè tris. Mwen mwen dwe ajoute ke tankou sòlda ameriken yo toujou abitye fè li, yo te fo-pa-plis nan reyaksyon yo apre atak la; Yo reponn presizeman jan nou ta swete l' la, sètadi avèk bravou, san egoyism, youn t'ap pran swen lòt."

Isit Washington, Prezidan Bush, ki te sot' vizite kèk sòlda blese ki nan lopital militè Walter Reed, di jounalis yo:

"Depi konpatriyòt nou tonbe, se yon move kou. Moman sa a nan ane a pote anpil tristès espesyalman pou fanmi yo, tandiske n'ap antre nan sezon Nwèl la. N'ap lapriyè pou yo. Nou voye sensè kondoleyans bay sila yo ki nan soufrans jounen jodi a. E nou vle yo konnen ke misyon nou an ann Irak se yon misyon trèzenpòtan, pou lapè."

N'ap raple ke atak yè madi 21 desanm nan pran lavi omwen 22 moun e blese plis pase 60 lòt, toupre vil Mosul, nan Nò Irak.

XS
SM
MD
LG