Accessibility links

Breaking News

Lidè Inyon Ewòp la Reyini nan Bèljik


Byen bonè jedi 24 me 2012 la, lidè Inyon Ewòp la fè yon rankont nan vil Briksèl, peyi Bèljik, kote lanse apèl pou yo mande manm yo travay pou kwasans ekonomik epi yo swete pou peyi Lagrès rete nan Zòn Ewo a.

Sepandan, yo pa tèlman bay detay sou mwayen yo pral fè pou Inion an fè pwogrè epi, an jeneral, genyen divizyon toujou pami yo sou fason pou yo rezoud pwoblèm ki poze nan divès domèn. Prezidan Inyon Ewòp la, Herman Van Rampuy, te pale ak laprès pandan yon ti tan aprè fen rankont la.

Misye Van Rumpuy di :
“Premyèman, nou we mobilize polik inyon an pou yo kapab apiye totalman yon kwasans ekonomik. 2èmman, Nou dwe renouvle efò nou pou n finanse ekonomi an atravè envestisman; epi, 3èmman, nou dwe ranfòse kreyasyon travay. ”

“Efò pou ankouraje kwasans ekonomik” : se mo ki nan bouch lidè ewopeyen yo depi kèk jou deja nan moman nouvèl yo fè konnen ekonomi Zòn Ewo a pral anrejistre plis ralantisman ane sa a e pandan peyi yo ap fè fas ak plis manifestasyon kap denonse dispozisyon mare-senti gouvènman yo ap aplike yo.
XS
SM
MD
LG