Nan 25 rapatriye sa yo, gen 13 ki se kondane, selon Madanm Kerlande Desauguste, Responsab Rejyonal Ofis Nasyonal Migrasyon, ki te sèl enstans leta ayisyen ansanm ak PNH ki te vini resevwa rapatriye yo.
Gen nan rapatriye yo ki eksplike yo pase plizyè mwa nan prizon anvan otorite imigrasyon ameriken voye yo tounen an Ayiti.
Gen lòt ki fè konnen yo te pase pa Meksik, yo pase entèvyou, epi aprè yon ti tan, otorite ameriken yo deporte yo.
Gen plizyè nan rapatriye yo ki te an kòlè madi 4 Fevriye sa paske yo pa jwenn paspò yo apre yo fin rive Ayiti.
Responsab lokal ONM lan eksplike yo resevwa sèlman 7 paspò rapatriye yo e fè konnen yo pral fè demach pou wè si yo ka jwenn paspò ke yo pa rive trouve yo.
Gen yon anplwaye ONM ki tap pale ak yon rapatriye ki di l lè li mande yon ajan imigrasyon amerilèn, li fè l konnen gen anpil dokiman ke yo jete.
Sa ki te revolte rapatriye ki pa jwenn paspò yo paske yo estime sa se yon abi de pouvwa bò kote ajan imigrasyon ameriken yo.
Gen youn nan rapatriye yo ki di li pral pè pou li sikile an Ayiti paske li pa gen okenn pyès idantite.
“Mwen pè pou yo pa ban m ‘bwa Kale’ paske mwen pa gen ID e si pwòch mwen ta vle voye lajan pou mwen, mwen pap ka resevwa l.”
Kontrèman ak sa ki te anonse, pa gen okenn dispozisyon espesyal otorite yo te pran pou resevwa rapatriye sa yo.
ONM ki jwenn sipò Organizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ofri chak rapatriye yon plat cho e pèmèt yo antre an kontak telefòn ak fanmi yo. Chak rapatriye resevwa 5000 goud pou yo kapab retounen lakay yo.