Pitit Desalin manifeste nan vil Okap 7 fevrye 2023 sa kont desizyon PM Ariel Henry pran pou enstale wo konsey tranzisyon an. Protestatè yo mande tou pou PM lan rache manyòk li nan tèt peyi a.
Univèsite Excellence d'Haïti (UEDH) se non nouvèl enstitusyon superyè vil Okap. Objèktif li, daprè dirijan li yo, se fòme plis moun nan domèn rechèch ak teknolojik pou ede Ayiti soti nan labim li twouve-l depi lontan.
Pitit Desalin reprann mobilizasyon nan Okap, jodi jedi 2 Fevriye 2023 a, kont Premye Minis Ariel Henry nan tèt peyi a Moïse Jean Charles te tou pwofite lonje dwèt sou Kek peyi li di ki anpeche kriz politik peyi dayiti a jwenn solisyon.
Yon gwo delegasyon ki te gen ladann reprezantan (DINEPA), Bank Entè-Ameriken Devlopman (BID) ak divès estrikti ki enplike nan sektè dlo ak asenisman te Okap pou evalye pwojè rayabilitasyon system dlo a kap koute plis pase $33 milyon sèman pou sant vil OKap gras à yon bourad lajan BID.
Pandan mwa Janvye sa, Gad kot ameriken voye tounen nan Okap plis pase 1000 refijye. Jodi-a gen plis pase 140 ki debake Okap.
Menm jan ak lòt vil Ayisyen yo polisye yo nan dezyèm vil peyi a, Kap Ayisyen, te manifeste tou kont zak vyolans gang ki lakoz kanmarad yo mouri.
Yon asosyasyon Fanm nan Okap mete yon fin a yon pwojè sou vyolans kap fèt sou fanm ak ti fi nan 4 komin nan depatman Nò peyi d’Ayiti
Ansyen Kandida a la presidans Pitit Desalin nan rekonet avèk pwogram Biden nan, li menm ak mobilizasyon lari a pran gwo "frap". Moise Jean Charles fè deklarasyon sa yo, samdi k sot pase a aprè’l te fi’n rankontre ak Anbasadè Peyi Lafrans la nan Pòtoprens Fabrice Mauriès.
Gad Kot Ameriken voye tounen, mèkredi 18 Janvier 2023 a nan Okap, yon gwoup 45 refijwe Ayisyen ki te rive tou pre Florida, pami yo, yon polisye DCPJ.
Vil Okap ap pare pou akeyi festival Pap Jazz la ki se yon gwo evenman mizikal e kiltirèl. Dapre Joël Widmaïer, festival sa a kowenside ak 280 èm anivèsè nesans Toussaint Louvertur . Yon repòtaj Gérard Maxineau...
Gad Kòt Ameriken voye tounen, lendi 9 Janvye 2023 a nan Kap-Ayisyen 83 refijye ki te gentan rive sou yon plaj an Florid. Pami refijye sa yo, gen yon group 44 ki te soti Bahamas, selon Jounalis VOA Kreyòl.
Lidè Pitit Dessalines lan reprann mobilizasyon an nan vil Otrou. Nan okazyon li bat bravo pou Lèzetazini
Ayisyen yo retounen reprann lanmè a depi aprè peyi lok la, selon responsab yo.
Nan vil Okap, Lakay Fun World se non yon pak de je pou timoun ki inogire vandredi 23 desanm. Responsab yo di yo vle voye yon mesaj d’espwa pou dyaspora ayisyèn lan.
Gad Kot Ameriken refoule, jodia, nan Vil Okap 110 rapatriye Ayisyen (pami yo: 82 Gason, 22 fanm ak 6 timoun,)
Lidè Pitit Desalin lan Moïse Jean Charles anonse Li pral reprann mobilizasyon an nan peyi d’Ayiti, semèn kap vini an. Ansyen Kandida a la presidans lan, yon lot kote deklare, Peyi Kanada ak Lèzetazini sanksyone selman sou papye .
Kap-Ayisyen: Lansman konstriksyon idwolik
Antre skolè a nan Kap-Ayisyen-an komanse timidman. Gerard Maxineau gen detay pou VOA Kreyol depi vil Okap.
Gran diyalòg nasyonal enklizif Ayisyen an, se tèm yon konferans-deba ki dewoule Okap sou inisyativ Kowalisyon Legliz Pwotestan Gran Nò peyi d Ayiti. Jounalis Gerard Maxineau te sou plas pou VOA Kreyòl.
Otorite nan vil Kap Ayisyen anonse yo pase entriksyon pou arete tout moun kap vann Pwodwi Petwolye nan lari olye gazolin yo. Detay avek Gerard Maxineau.
Load more