Accessibility links

Breaking News

Yo arete yon Nonm nan Florid, Toupre Mar-a-Lago, Paske L ap Fè Trump Menas sou Entènèt


Trump
Trump

WEST PALM BEACH, Florid (AP) — Yon nonm yo akize paske li fè menas sou Entènèt kont Prezidan Donald Trump jwenn arestasyon l nan Florid, selon sa lapolis te deklare samdi.

Yon enfòmasyon yo te transmèt bay sant menas FBI la te mennen nan arestasyon Shannon Depararra Atkins, 46 lane, vandredi swa, dapre yon deklarasyon pou laprès polis West Palm Beach.

Li gen yon sèl chef akizasyon, pou menas ekri oswa elektwonik pou touye, blese fizikman, fè fiziyad an mas oswa komèt yon aksyon teworis.

Atkins te jwenn arestasyon l pandan yon kontwòl trafik epi yo te jwenn kokayin sou li, sa ki mennen yon lòt akizasyon pou dwòg.

Yo te fèmen l san posibilite pou libere sou kosyon samdi. Biwo avoka defans piblik la ki reprezante li te fèmen samdi donk li pa t disponib pou fè kòmantè.

XS
SM
MD
LG