Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chanm Depite a Ranvwaye Vòt sou Pwojè Lwa ki te Vize Anpeche Fèmti Gouvènman an

Congress Budget
Congress Budget

WASHINGTON (AP) — Prezidan chanm depite a, Mike Johnson ranvwaye yon vòt sou yon pwojè lwa pou depans tanporè ki ta dispoze lajan pou ajans ak pwogram federal yo fonksyone pou 6 mwa.

Li te vin de pli zan pli klè ke mezi a te manke sipò ka potansyèlman debouche sou yon fèmti gouvènman an.

Lwa a ta mande tou pou sitwayen ki ap vote bay prèv ke yo posede sitwayènte Ameriken.

Johnson montre ke li pa fè bak sou 2 eleman prensipal sa yo nan pwojè lwa a, men li di li bezwen plis tan pou diskite ak manm pwòp pati pa l.

Kongrè a bezwen pase yon nouvo pwojè depans pwovizwa anvan 1ye oktòb pou evite yon fèmti pasyèl gouvènman an jis kèk semèn anvan eleksyon prezidansyèl la Ozetazini.

This item is part of
XS
SM
MD
LG