Accessibility links

Breaking News

La Frans: Macron Anonse Disolisyon Asanble Nasyonal la Apre Viktwa Ekstrèm Dwat la nan Eleksyon Ewopeyen yo

This screen shot shows France's President Emmanuel Macron speaking during a televised address to the nation during which he announced he is dissolving the National Assembly, French Parliament lower house, and calls new general elections on June 30, in Par

Prezidan fransè Emmanuel Macron anonse dimanch swa, disolisyon Asanble Nasyonal la e li mande òganizasyon nouvo eleksyon lejislatif, apre viktwa ektrèm dwat la nan eleksyon Ewopeyen an, byen lwen devan kan majorite prezidansyèl la.

Chèf deta nan yon diskou televize te di "Mwen pral siyen nan kèk moman yon dekrè e konvoke eleksyon lejislatif yo ki pral fèt 30 jen pou premye tou yo e 7 jiyè pou dezyèm lan" li te fè deklarasyon sa yo apre anons rezilta yo Ewopeyen yo.

Ekstrèm dwat la ki te gen nan tèt li Jordan Bardella ki te genyen eleksyon yo ak plis pase 30% nan vòt yo, sa ki lakòz yon gwo defèt nan kan prezidansyèl la, ki te resevwa anviwon 15% nan vòt yo.

Rezilta vòt Ewopeyen an "se pa yon bon rezilta pou pati ki ap defann Ewòp", Emmanuel Macron te di, e li fè remake ke ekstrèm dwat la "pran 40% nan vòt yo " an Frans (si nou ajoute nan lis la Bardella ki nan ti pati ki te dirije pa Eric Zemmour).

XS
SM
MD
LG