Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Ameriken 'Rete Fidel a Sa Etazini Reprezante' nan Diskou li Pwononse an Frans


Prezidan Joe Biden bay yon diskou sou eritaj Pointe du Hoc ak demokrasi toupatou nan mond lan, nan peyi La Frans, 7 Jyen, 2024.
Prezidan Joe Biden bay yon diskou sou eritaj Pointe du Hoc ak demokrasi toupatou nan mond lan, nan peyi La Frans, 7 Jyen, 2024.

Prezidan Joe Biden pran la pawol nan vil Pointe du Hoc nan La Frans, kote lap vizit kot Normandy a nan kad komemorasyon 80e anivese D-Day (Jou J).

Biden pwofite okazyon an Vandredi pou l ankouraje Ameriken defann demokrasi. Li di Donald Trump menase demokrasi peyi a nan eleksyon prezidansyel ki gen pou dewoule ane sa a.

"Nou gen chans paske nou se eritye eritaj ewo sa yo kite pou nou. Mesye ki te grenpe morn Pointe du Hoc yo. Fok nou pwoteje misyon yo tou epi kenbe flanm libete yo te pwoteje a vivan. Se pi gwo bagay nou ka fe pou yo. Aksyon nou chak jou dwe asire demokrasi siviv e ke nanm peyi nou suviv. Vinn isit pou rann omaj ak lespri solda Pointe du Hoc yo pa ase. Fok nou tande yo. Fok nou koute yo. Epi fok nou semante pou n pa janm desevwa yo."

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden mache nan simitye Ameriken Normandy a apre yon seremoni pou komemore 80e anivese D-Day, 6 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden mache nan simitye Ameriken Normandy a apre yon seremoni pou komemore 80e anivese D-Day, 6 Jyen 2024.

Ranger Lame Etazini te grenpe morn Pointe du Hoc la pandan envazyon D-Day la pandan Dezyem Ge Mondyal la. Ansyen Prezidan Ameriken Ronald Reagan te mete aksan sou misyon sila a nan yon diskou li te fe an 1984 kote li te rann omaj a "mesye Pointe du Hoc yo."

Biden di eritaj Pointe du Hoc la se yon rapel pou "rete fidel a sa Etazini reprezante".

Prezidan Ameriken an te pwofite vizit li tou, pou l rankontre prezidan Ikrenyen an.

"Mwen prezante eskiz mwen paske premye semen yo nou pat konnen si Kongre a tap apwouve asistans nou mande pou peyi w. Nou te gen anpil difikilte pou fe yo adopte pwoje lwa a pou ke nou te ka gen lajan an. Kek pami depite ki pi konsevate yo tap trennen pye yo Men an fen nou atenn objektif nou. Epi depi le a, mwen anonse 6 pwoje lwa ki gen anpil lajan pou Ikren."

Volodymyr Zelenskyy bo kote pa li te remesye Biden pou sipo li.

"Mesi anpil Prezidan Biden. Mesi pou sipo enpotan administrasyon w. Tout Ikrenyen rekonesan pou sipo milite finansye ak imanite ou dispoze pou nou. E byen antandu li trez enpotan epi rankont nou isit tre senbolik. Li enpotan pou ke w kontinye apiye nou."

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron te akeyi Zelenskyy tou nan Pale Elysee a nan vil Paris.

Rankont la dewoule yon jou apre Macron te anonse ke La Frans pral voye avyon konba Mirage Franse yo bay Ikrenn pou ede l defann tet li kont agresyon La Risi.

XS
SM
MD
LG