Accessibility links

Breaking News

Lidè siprèm Iran an priye pou prezidan Iran ak lòt moun ki mouri nan aksidan elikoptè a


အီရန်သမ္မတနဲ့ ရဟတ်ယာဉ် ပျက်ကျသေဆုံးသူတွေ ဈာပန တီဟီရန်မှာကျင်းပနေစဉ် (မေ ၂၂၊ ၂၀၂၄)
အီရန်သမ္မတနဲ့ ရဟတ်ယာဉ် ပျက်ကျသေဆုံးသူတွေ ဈာပန တီဟီရန်မှာကျင်းပနေစဉ် (မေ ၂၂၊ ၂၀၂၄)

DUBAI, Emira Arab Ini (AP) — Lidè siprèm Iran an priye sou sèkèy defen prezidan peyi a, minis afè etranjè a ak lòt otorite ki mouri nan yon aksidan elikoptè nan kòmansman semèn sa a.

Apre sa, dè santèn milye moun te swiv Mèkredi yon pwosesyon pou onore defen yo, sou prensipal Boulva Teheran an.

Men li te parèt klè ke sèvis fineray Prezidan Ebrahim Raisi ak lòt yo te atire yon foul pi piti konpare ak seremoni ki te fèt an 2020 pou onore yon jeneral Gad Revolisyonè ke Etazini te elimine ak yon atak dronn nan Bagdad.

Anpil nan moun ki te ap gade pwosesyon an di ke yo te vin Teheran soti nan lòt vil ak bouk nan peyi a.

Raisi te genyen prezidans lan nan dènye eleksyon an ak yon patisipasyon popilè ki te piti anpil.

XS
SM
MD
LG