Accessibility links

Breaking News

Enpak Vyolans Sou Sante Mantal Timoun yo


Haiti Lost Generation
Haiti Lost Generation

Vyolans ki kreye latroublay nan peyi dAyiti twomatize timoun yo, nou vle di li gen gwo efè sou sante mantal yo.

Koulye a, sosyete ayisyen an ap devlope yon tandans pou kraze tabou, vye prejije ak konsepsyon sou sa ki gen rapò ak sèvis sante mantal nan peyi a.

Depli-zan-pli, jèn sa yo ekspoze ak bri lari-a ki chaje ak vyolans tankou, katouch kap chante ak moun k ap rele anmwe devan laterè gang ame ap simaye; e elèv yo nan lari ap pase bò kot kadav moun ki viktim nan zak vyolans sa yo ak twou bal nan kò yo.

Pa egzamp, nan Bon Repos, yon kominote ki sitiye nan nò kapital-la, Pòtoprens, jèn etidyan yo konn vomi, pipi sou yo nan sal klas yo pandan kout zam ap chante.

Roseline Ceragui Louis ki se direkttris yon lekòl jwenn gen yon sèl fason lekòl li a itilize pou eseye kalme timoun sa yo epi kenbe yo an sekirite: Li fè yo kouche atè nan klas la pandan l ap chante oswa fredone chantouba.

Li deklare "Ou pa ka travay nan anviwònman sa a," "Li katastwofik. Yo twomatize."

Pòtoprens kapital peyi Dayiti anba laterè ak gwo atak gang pwisan ki kontwole dapre yon rapò Nasyonzini plis pase 80% zòn metwopolitèn nan

Vyolans sa yo lakoz lanmò owmen 2,500 moun mouri oswa blese nan 3 premye mwa nan ane 2024 la .

Apeprè 900 lekòl fèmen pòt yo atravè Pòtoprens pandan fiziyad ak zak kidnaping yo kontinye.

Pandansetan gen yon nouvo ekip gouvenmantal kip ran tèt peyi a an palan de Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki genyen , ak gouvenmna-na ki pral monte a, kom pi gwo defi ki se retabli sekirite nan peyi a e bloke aktivite gang yo .

XS
SM
MD
LG