Accessibility links

Breaking News

Biden Make Jounen Latè a ak $7 Milya Subvansyon Federal pou Enèji Solè


Foto Achiv: Nicholas Hartnett, pwopriyete konpayi Pure Solar Power kenbe yon panel konpayi li ap enstale sou twa yon kay nan Frankfort, Kentucky, 17 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Nicholas Hartnett, pwopriyete konpayi Pure Solar Power kenbe yon panel konpayi li ap enstale sou twa yon kay nan Frankfort, Kentucky, 17 Jiye, 2023.

Pou make Jounen Latè a, Prezidan Joe Biden anonse $7 milya subvansyon federal pou pwojè solè rezidansyèl ki va desèvi 900,000 kay nan katye defavorize yo ak zòn kote klas mwayèn nan rete.

Prezidan Demokrat la gen entansyon elaji tou pwogram fòmasyon ki rele Kò Klima Ameriken an.

Biden pral pwononse yon diskou nan Pak Prens William la nan eta Vijini Lendi.

Nouvo anons sa yo sou anvironman an vini nan moman kote prezidan an ap eseye chofe jèn elektè yo pou yo re-eli li sou pouvwa a.

Responsab wo plase administrasyon an di jènès Amerikèn nan trèz enterese nan ajènda Biden sou klima a e yo vle ede mete l an aplikasyon.

Responsab yo di Kò Klima a se yon inisyativ ki va ede yo fè sa.

XS
SM
MD
LG