Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Pibliye 15 Nouvo Chante sou Nouvo Albòm ni 'The Tortured Poets Department: The Anthology'


Kouveti nouvo albom Taylor Swift la "The Tortured Poets Department". (Republic Records via AP)
Kouveti nouvo albom Taylor Swift la "The Tortured Poets Department". (Republic Records via AP)

Vedèt Taylor Swift pibliye yon nouvo albòm ak kèk sipriz pou fanatik li yo.

Vandredi, vedèt pòp la pibliye 11èm albòm ni ki pote non: "The Tortured Poets Department".

Albòm nan se yon melanj travay li te fè anvan epi yon refleksyon atis la ki pase ane ki sot pase yo ap re-anrejistre chanson li yo ak materyo pou seri konsè li yo. Gen chante pòp dinamik, balad tris sou kè brize, epi chante pwovokatif e pi matur. Tout chante sa yo pibliye a minui.

Men a 2 zè di maten, (lè Washington ak Pòtoprens) Taylor te pibliye "The Tortured Poets Department: The Anthology" ki gen yon lòt 15 chante ladann.

XS
SM
MD
LG