Accessibility links

Breaking News

YouTuber Addison Pierre Maalouf nan Gadavi Komisarya Okap


YouTube Influencer Addison Pierre pandan yon entevyou ak jounalis VOA Kreyol Yves Manuel, 30 Mas, 2024.
YouTube Influencer Addison Pierre pandan yon entevyou ak jounalis VOA Kreyol Yves Manuel, 30 Mas, 2024.

"YouTube Influencer" Ameriken dorijin Libanè Addison Pierre Maalouf ke yo konnen sou non "Arab" toujou nan peyi dAyiti, malgre li te espere kite peyi a jodi Lendi 1ye avril la.

Anbasad Etazini nan Pòtoprens, te mete Youtuber a nan yon elikoptè ki te transpòte l Okap pou l te ka pran avyon pou retounen Ozetazini.

Sepandan misye te lwe yon machin nan nò peyi a pou sikile pandan sejou li ann Ayiti, apre liberasyon li, machin li te lwe a te prann pàn nan yon katye nan "Petion Ville", li te kite machin nan Pòtoprens san li pat avèti mezon lokasyon an ke li pat an mezi pou remèt machin nan.

Nan moman Maalouf tap pare pou l kite Ayiti, mezon lokasyon an te vin okouran epi pousuiv li.

Sitiyasyon sila te atire atansyon yon gwoup moun ki te eseye agresè Maalouf.

Lapolis te vin okouran de sityasyon an epi Komisè Lapolis Okap la te pase a l aksyon pou pwoteje lavi sitwayen Ameriken an, komisè a deside mete l nan gadavi pou pwoteksyon l.

Dapre Maalouf, mezon lokasyon an egzije pou l swa remèt machin nan swa peye $4,000 dedomajman. YouTuber a mande paran li voye lajan pou l peye frè yo.

Li pa klè si Maalouf pral rete nan Gadavi komisarya a oubyen si li pral lage.

Li pa klè non plis si Anbasad Ameriken okouran de sityasyon aktyèl YouTuber a.

Pa gen okenn lòt vòl nan direksyon Etazini pou jodia.

Se Vandredi 29 mas 2024 la nèg gang ame 400 Mawozo te lage Maalouf ansanm ak fiksè li a, jounalis Ayisyen Jean Sacra Sean Roubens apre 17 jou nan men ravisè yo.

Maalouf di VOA li te peye $50,000 pou jwenn liberasyon li.

Bandi 400 Mawozo te kidnape misye nan moman li te nan wout pou al entèvyouwe Jimmy Cherizier alyas Barbecue - chèf regwoupman gang "Viv Ansanm" nan.

XS
SM
MD
LG