Accessibility links

Breaking News

YouTube Influencer Addison Pierre, Fixer Jean Sacra Sean Roubens Dekri Tan yo Pase ak Gangstè Lanmò SanJou


YouTube Influencer Addison Pierre pandan yon entevyou ak jounalis VOA Kreyol Yves Manuel, 30 Mas, 2024.
YouTube Influencer Addison Pierre pandan yon entevyou ak jounalis VOA Kreyol Yves Manuel, 30 Mas, 2024.

Nan yon entèvyou ak VOA Kreyòl, YouTube influencer Addison Pierre di "polisye koronpi" (fòs polis nasyonal Ayiti) pran l nan pyèj epi tann yon anbiskad pou li nan moman li te sipoze al entèvyouwe chèf gang ame G9 la ak regwoupman gang "Viv Ansanm" Jimmy Cherizier alyas Barbecue.

YouTube Influencer Addison Pierre di 'Polisye Koronpi' Pran l nan Pyèj e Se Konsa Lanmò 100 Jou Vinn Kidnape l
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:02 0:00

Addison Pierre Maalouf se yon sitwayen Ameriken ki gen yon chanèl sou rezo sosyal YouTube anba non "YourFellowArab" (kanmarad Arab ou) e li gen renome pou vwayaj li konn fè nan peyi danjre. Li di VOA li renmen vwayaje nan peyi sa yo pou pale ak moun medya tradisyonèl yo pa konn entèvyouwe pou konprann pi byen sakap pase nan peyi sa yo.

Gang 400 Mawozo, ki gen kom chèf Lanmo SanJou te kidnape misye 14 Mas pase a.

Pierre di VOA gang lan pat maltrete li, yo te ba li manje regilyèman epi bay blag avè l, men nèg ak zam te toujou ap veye limenm ak fixer li Jean Sacra Sean Roubens ke yo te kidnape ansanm avè l.

Jean Sacra dekri tan li te pase nan men gang lan kòm youn nan moman pi difisil li janm pase nan vi l. Misye di li wè timoun 12, 13 zan ak zam otomatik nan men yo.

Jean Sacra Sean Roubens: 'Se Pi Move Moman m Te Ka Pase nan Vi m'
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:57 0:00

Addison Pierre di VOA anvan li tè fe plan pou entevyouwe Barbecue, li te byen pase nan zon Okap, kote li t al nan lanmè, vizite zile ozalantou yo epi jwi bote peyi d Ayiti.

Li di li te oblije yon ranson $50,000 pou liberasyon l e ke magre gang lan te pwomèt pou remet li ekipman l ak laptòp li ke yo te sezi, yo te kenbe tout bagay eksepte pou kamera li.

Nan yon videyo yon zanmi Addison Pierre pibliye sou kont Instagram li, misye di Cherizier te rele Lanmò 100 Jou epi menase pou atake gang lan si yo pat lage YouTube influencer la. VOA Kreyòl patka verifye enfòmasyon sa a.

Depatman d Eta pibliye yon avètisman sou sit li ki mete vwayaj an Ayiti nan nivo 4 - "Pa Vwayaje". Pandan konferans pou laprès kotidyen li pòtpawòl Depatman d Eta a te di Etazini o kouran de kidnaping sitwayen Ameriken an Ayiti, men li pat site non Addison Pierre.

Pandan semèn ki pase yo, Depatman d Eta fè konnen li resi evakye pa vòl espesyal, plis pase 400 sitwayen Ameriken ki tap viv an Ayiti.

Pandansetan Etazini ranfòse sekirite ozalantou anbasad li, epi voye yon gwoup merin ki espesyalize nan operasyon anti-teworis pou sekirize anbasad la.

Nasyonzini pibliye yon rapò ki eksprime ke sote pou kantite moun ki pedi lavi yo nan zak vyolans gang yo depi kòmansman ane 2024 la - swa plis pase 1,500. Gen plizye santen milye sitwayen ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo, ke yo estime kontwole plis pase 80% kapital Ayisyen nan kounyea.

LONU, Etazini ak Kanada enpoze sanksyon kont plizye chef gang Ayisyen - pami yo Jimmy Cherizier, Renel Destine - lide gang Grand Ravine, Vitel'homme Innocent, chef gang Kraze Barye a, Johnson Andre, chef gang 5 Segond epi Wilson Joseph, manm gang 400 Mawozo.

FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini) ofri yon rekonpans $3 milyon pou enfòmasyon ki ka ede l mete Lanmò Sanjou, Jermaine Stephenson ak Vitel'homme Innocent anba kòd.

Anvan depa li, Addison Pierre di VOA li regrèt move moman li te fè paran li pase pandan li te nan men ravisè yo e ke li pral rete trankil pandan yon bon ti tan.

Li dekri Ayiti tankou yon peyi ki "terib".

XS
SM
MD
LG