Accessibility links

Breaking News

Tiktok: Jèn yo Leve Vwa Yo


FILE PHOTO: The offices of TikTok in Culver City, California
FILE PHOTO: The offices of TikTok in Culver City, California

Jèn moun leve vwa yo nan mesaj ke yo kite pou Senatè Kawolin di Nò Thom Tillis, kote yo t ap ri, men t ap di pawol menasan.

Youn nan yo di : “Ok, koute, si ou entèdi Tik Tok m ap jwenn ou e m-ap tire-ou, » li t-ap ri, e te gen vwa lòt vwa jèn anba. M ap tire w epi koupe w an miyèt moso.” Yon lòt menase pou touye Tillis, epi touye pwòp tèt li.

Biwo Tillis la di li resevwa apeprè 1000 apèl sou Tik Tok depi Chanm Depite a te pase pwojè-lwa a mwa sa a pou entèdi app popilè a si mèt li ki baze an Chin pa vann pati pa li a nan konpayi an. Tik Tok ap ekzòte moun ki sèvi ladann – anpil nan yo se jèn – pou yo rele depite pa yo, e li menm bay lyen pou nimewo telefòn depite yo. Yon mesaj parèt sou Tik Tok lè moun ouvri app la, e li di « Gouvènman an pwal elimine kominote ke ou menm ak dè milyon lòt Ameriken renmen anpil.”

Tillis, ki sipòte pwojè lwa ke Chanm nan apwouve a, rapòte apèl la bay lapolis. Li di nan yon entèvyou, « Samwen rayi nan sa sèke li demontre pakèt enfliyans ke platfòm rezo sosyal yo gen sou jèn yo. »

XS
SM
MD
LG