Accessibility links

Breaking News

Avni Pwojè Lwa TikTok la Pa Sèten nan Sena a


Foto Achiv: Fanatik TikTok Mona Swain (mitan) se li Rachel Swain (a dwat) ki se moun Atlanta poze ak yon pannkat devan Capitol la nan Washington, 13 Mas, 2024.
Foto Achiv: Fanatik TikTok Mona Swain (mitan) se li Rachel Swain (a dwat) ki se moun Atlanta poze ak yon pannkat devan Capitol la nan Washington, 13 Mas, 2024.

TikTok lanse yon kokenn chenn kanpay pou enfliyanse opinyon Ameriken nan kad jefò li deplwaye apre Lachanm Depite te adopte yon pwojè lwa ki ta entèdi applikasyon popilè a si pwopriyetè a, ki gen baz li nan Lachin, pa vann aksyon li yo.

Endistri teknoloji a ranpote siksè ak kanpay konsa plizyè fwa deaja, nan moman Kongrè a pa resi aji sou pwojè lwa ki ta pwoteje done itilizatè yo, ak timoun yo kont menas an liy. Pwojè lwa sa yo vize rann responsab tou, konpayi ki pibliye kontni sou rezo sa a epi mete restriksyon sou entelijans atifisyèl.

Gen kèk moun ki konsidere pwojè lwa TikTok la tankou pi bon chans yo genyen pou mete restriksyon sou endistri a epi tabli presedan, men si yo pa anpil.

XS
SM
MD
LG