Accessibility links

Breaking News

Georgia: Trump Prale ann Apèl ak Desizyon Jij la Pran pou Pa Diskalifye Fani Willis nan Pwosè Eta a ap fè kont Li a


FILE PHOTO: Trump prosecutor hearing in Atlanta
FILE PHOTO: Trump prosecutor hearing in Atlanta

ATLANTA (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump ak lòt moun ke eta Georgia akize kòmkwa yo te mete men yo nan eleksyon Georgia, yo ap chèche fè apèl kont desizyon jij la pran pou pa diskalifye Pwokirè Distri Konte Fulton Fani Willis nan pwosè a.

Avoka ki ap defann Trump, ak ansyen Majistra New York Rudy Giuliani ak 6 lòt akize, di nan yon plent ke yo depoze nan tribinal la Lendi a, demisyon pwosekitè espesyal ki se mennaj avoka gouvènman Willis pa ase pou korije sa jij la wè ki pa korèk nan pwosè sila.

Plent ke yo depoze a mande Jij Tribinal Siperyè Konte Fulton, Scott McAfee, pou l bay yon sètifika ki ta pèmèt Tribinal Apèl Georgia revize desizyon li te pran an.

XS
SM
MD
LG