Accessibility links

Breaking News

Militan Dwa Moun yo Mande Repiblik Dominikèn Sispann Depòte Ayisyen


Yon timoun kanpe pami moun Repiblik Dominiken arete pou depotasyon an Ayiti nan yon kamyon lapolis sou fwontye ki kontekte Dajabon nan Repiblik Dominiken ak Ayiti, 18 Mas, 2024.
Yon timoun kanpe pami moun Repiblik Dominiken arete pou depotasyon an Ayiti nan yon kamyon lapolis sou fwontye ki kontekte Dajabon nan Repiblik Dominiken ak Ayiti, 18 Mas, 2024.

Militan dwa moun yo lanse apèl bay gouvènman Dominiken an pou l sispann pwovizwaman depòtasyon Ayisyen nan moman kriz politik ak sosyal la ap vinn grav chak jou. Sa lakoz anpil Ayisyen kouri kite peyi a pou yo travèse nan Repiblik Dominikèn pou yo pa tonbe viktim zak vyolans gang yo.

Ti kamyon ki gen espèz de kaj espesyal ap transpòte plizyè douzèn Ayisyen soti nan yon sant detansyon ki sitye sou fwontyè peyi a pataje ak Ayiti.

Pandansetan, gang ame yo finn paralize pi fò kapital la, Pòtoprens.

Nasyonzini pami ajans kap mande pou Repiblik Dominikèn sispann depòtasyon yo. LONU fè remake gen anpil ensekirite an Ayiti kounyea.

Militan yo akize otorite Dominiken yo dèske yo maltrete Ayisyen yo.

Minis afè etranjè Dominiken an reponn ke depòtasyon sa yo fè pati politik sekirite nasyonal peyi a.

XS
SM
MD
LG