Accessibility links

Breaking News

Kawo nan Lachanm Depite Etazini - 3 Direktè Komisyon Repibliken ap Pran Retrèt yo


Foto Achiv: (gosh a dwat) Depite Mike Gallagher R Wisconsin, Mark Green (Komisyon Sekirite Nasyonal) R Tennessee, epi Cathy McMorris Rodgers (Komisyon Eneji ak Komes).
Foto Achiv: (gosh a dwat) Depite Mike Gallagher R Wisconsin, Mark Green (Komisyon Sekirite Nasyonal) R Tennessee, epi Cathy McMorris Rodgers (Komisyon Eneji ak Komes).

Nan yon sèl semèn direktè Repibliken 3 komisyon nan Lachanm Depite Etazini anonse yo pap poze kandidati yo pou yon lot manda. Sa vinn soulve anpil kestyon pa rapo ak kawo ki reye nan Kongrè a ane sa a ki petèt lakoz kèk pami politisyen Repibliken ki gen plis talan yo deside rale ko yo.

Sa ki rann anons sa yo pi enpotan sè ke oken pami direktè komisyon sa yo pat riske pèdi syèj yo nan kad limit Repibliken nan Lachanm enpoze kont lidè komisyon yo.

Li konsevab ke tou le 3 politisyen sa yo te ka reprann wol lidèship yo nan pwochen sesyon Kongrè a. Sepandan yo chwazi pou yo kite pos yo travay pandan plizyè zane pou atenn.

Repibliken kap kite pos yo se Chathy McMorris Rodgers ki reprezante eta Washington, Mike Gallagher, ki reprezante eta Wisconsin epi Mark Green ki reprezante eta Tennessee.

XS
SM
MD
LG