Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch ap Chache Rasire Piblik la sou Menas ki Poze pou Sekirite Nasyonal Etazini


Foto Achiv: Lamezonblanch nan Washington, 30 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Lamezonblanch nan Washington, 30 Jiye, 2022.

Mezon Blanch ansanm ak lòt gwo dirijan ap chache rebay piblik ameriken an asirans apre yon gwo palmantè te sonnen kòn lanbi sou sa li rele yon “gwo menas pou sekrite nasyonal” Etazini.

Nan yon aksyon ki pa fèt fasil e ki siprann kòlèg palmantè li yo, alatèt Komisyon Ransèyman nan Chanm Depite a rele Prezidan Joe Biden an piblik pou mande li devwale ransèyman sekrè sou menas ke li pa presize a, pou piblik ameriken an ak alye Etazini yo ka bay yon repons.

Depite Repibliken Mike Turner refize bay detay. Men nan yon imèl ki al jwenn kòlèg li, dapre sa kèk sous rapòte, e ke divès ògàn nouvèl pataje sou media sosyal, li dekri danje a kòm yon aksyon “militè etranje ki ka destabilize” peyi a.

Plizyè ògàn laprès site pawol otorite ameriken, mèkredi swa, kòmkwa menas la enplike yon nouvo kapasite LaRisi ki baze nan lespas.

Men yon otorite ameriken ki t ap pale sou Vwadlamerik sou kondisyon pou nou pa site non l paske ransèyman an sansib, di ke malgre danje a gwo, pa gen anyen pou pèp ameriken an pè kounyea.

XS
SM
MD
LG