Accessibility links

Breaking News

Direktè Komite Ransèyman Chanm Depite Etazini Lanse Avètisman pou di Gen Gwo Menas ki Poze pou Sekirite Nasyonal la


Foto Achiv: Depite Mike Turner (Repibliken Ohio) pandan yon rankont nan Capitol la, 20 Nov. 20219.
Foto Achiv: Depite Mike Turner (Repibliken Ohio) pandan yon rankont nan Capitol la, 20 Nov. 20219.

Direktè Repibliken Komite Ransèyman Lachanm Depite Etazini mande administrasyon Biden nan pou l de-klasifye enfomasyon sou sa li dekri tankou yon "gwo menas pou sekirite nasyonal la".

Depite Mike Turner pa bay okenn detay sou menas la e aministrasyon Biden nan derefize pale sou sa.

Sepandan Prezidan Lachanm nan, Mike Johnson di "moun pa bezwen gen kè sote". Misye di li pa lib pou l pataje enfomasyon sekrè.

Sepandan, Johnson ajoute "nou vle asire tout moun konnen moun kap dirije peyi a gen tèt frèt. Nap travay sou sa, pa gen rezon pou gen kè sote."

XS
SM
MD
LG