Accessibility links

Breaking News

123,4 Milyon Telespektatè Gade Supè Bowl la


Kwatebak ekip Kansas City Chiefs la, Patrick Mahomes selebre viktwa li sou ekip San Francisco 49ers nan Supe Bowl la, Dimanch 11 Fevriye 2024.
Kwatebak ekip Kansas City Chiefs la, Patrick Mahomes selebre viktwa li sou ekip San Francisco 49ers nan Supe Bowl la, Dimanch 11 Fevriye 2024.

Match chanpyona Supè Bowl ki pi long lan se an menm tan pwogram spotif plis moun gade nan listwa televizyon Ozetazini.

Dapre done konapyi Nielsen ak Adobe Analytics pibliye, match foutbòl ant Kansas City Chiefs ak San Francisco 49ers kote Kansas City kale 25-22 te atire 123,4 milyon spektatè sou televizyon ak sou platfòm streaming yo.

Sa kraze nèt rekò ki te tabli ane pase a, kote 115,1 milyon moun te suiv match and Kansas City Chiefs ak Philadelphia Eagles. Se yon ogmantasyon 7% nan kantite telespektatè ki te suiv match sa a. (Ant parantès foutbolè vedèt Travis Kelce jwe pou Kansas City Chiefs, epi frè li, Jason Kelce jwe pou Philadelphia Eagles).

Chèn televizyon CBS, Nickelodeon ak Univision te difize Supè Bowl la an dirèk, epi Paramount + te stream li menm jan ak platfom dijital NFL la (Lig Nasyonal Foutbòl Ameriken an).

Ekspè yo di yo kwè gen yon chanjman nan fason yo konte spektatè yo ki lakoz ogmantasyon sa a. Pou premye fwa ane sa a yo te konte moun ki pat lakay yo nan tou le 50 eta Ameriken yo ki te suiv match la yon lòt jan.

XS
SM
MD
LG