Accessibility links

Breaking News

Kansas City Chiefs Ranpòte Supèr Bowl la


Antrene ekip Kansas City Chiefs la, Andy Reid kenbe twofe Lombardi a apre ekip li kale San Francisco 49ers nan chanpyona Super Bowl la nan Las Vegas, 11 Fevriye 2024.
Antrene ekip Kansas City Chiefs la, Andy Reid kenbe twofe Lombardi a apre ekip li kale San Francisco 49ers nan chanpyona Super Bowl la nan Las Vegas, 11 Fevriye 2024.

Anpil ekspè spòtif te di gen chans pou yon ekip kale Kansas City Chiefs ane sa a.

Ekip la te gen jwè ki blese, yo pat jwe byen nan mitan sezon an, yo te oblije jwe match semi final yo lakay advèsè yo. Wout pou rive nan chanpyona NFL la (lig nasyonal foutbòl Ameriken an) pat fasil ditou.

Men yo ranpòte la viktwa kanmenm. Chiefs yo ranpòte twazyèm twofe Lombardi yo nan 5 an, sa ki lakoz kritik yo ap di yo tabli kounyea yon dinasti modèn nan NFL la.

Chiefs yo se premye ekip ki ranpòte 2 chanpyona Supè Bowl nan 20 an, epi premye ekip ki ranpòte la viktwa 2 fwa afile, malgre ekspè yo te konsidere yo tankou ekip ki pi fèb la.

Chiefs yo te jwe kont San Francisco 49ers nan stad Las Vegas la. Skò final la sete 22-25 nan tan siplemantè.

Jwe Kansas City Chiefs Travis Kelce selebre ak menaj li chantez Taylor Swift apre ekip li ranpote la viktwa sou San Francisco 49ers nan Super Bowl LVIII nan Las Vegas, Nevada, 11 Fevriye 2024.
Jwe Kansas City Chiefs Travis Kelce selebre ak menaj li chantez Taylor Swift apre ekip li ranpote la viktwa sou San Francisco 49ers nan Super Bowl LVIII nan Las Vegas, Nevada, 11 Fevriye 2024.

Menaj jwè vedèt Chiefs la Travis Kelce, an palan de supèsta Taylor Swift te asiste match la nan suit deluks jwè a te peye pou fanmi li ak fanmi menaj li ak zanmi yo te ka gade match chanpyona a. Li koute yon milyon dola, dapre nouvèl yo.

Taylor Swift ap prezante spektak aktyèlman toupatou nan mond lan nan kad Eras Tour li a. Men li te pran avyon tou suit apre fen konsè li nan Tokyo Samdi (lè Tokyo) pou tounen Etazini pou asiste match Supè Bowl la.

Mamzèl te desann sou teren an apre match la pou bo menaj li epi felisite l.

XS
SM
MD
LG