Accessibility links

Breaking News

Latiki: Arestasyon Yon Foutbòlè Izrayelyen

This handout photograph taken and released by Turkish news agency DHA (Demiroren News Agency) shows Antalyaspor's Israeli forward Sagiv Jehezkel displaying a bandage on his wrist reading "100 days. 07/10" after scoring a goal during Turkish Super league m

Plizyè medya nan peyi Tiki anonse arestasyon yon foutbolè Izrayelyen ki te afiche yon mesaj dimanch sou konfli ant Izrayèl ak Hamas la nan mitan yon match chanpyona premye divizyon nan Tiki.

Minis Jistis la anonse ouvèti yon ankèt poutèt jwè Izraelyen sa a ta "chofe tèt piblik la pou Rayi moun". Sa lakoz Sagiv Jehezkel deyò nan klèb Antalyaspor.

Jwè a ki te fè yon gòl Dimanch nan match Süper Lig Tiki a pou Antalyaspor, ki te jwe nan 8 seleksyon Izrayelyen, te afiche yon mesaj ki di "100 jou, 07/10" sou yon ponyèt li nan moman li tap selebre gòl li a.

Minis Jistis Tiki a entèprete mesaj sa pou temwaye sipò li pou operasyon militè Izraelyen yo te lanse kòm vanjans nan Gaza a.

Minis la deklare "Nou pral kontinye sipòte Palestinyen ki anba maspinay" e li denonse yon "jenosid", kidonk yon masak ke Izrayèl ap fè kounyea pou efase popilasyon Gaza a.

XS
SM
MD
LG