Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Etazini Pare pou Vote sou Ankèt Enkilpasyon Biden


Foto Achiv: Lide Lachanm Depite Etazini Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pran la pawol nan Capitol la nan Washington, 29 Novanm 2023.
Foto Achiv: Lide Lachanm Depite Etazini Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pran la pawol nan Capitol la nan Washington, 29 Novanm 2023.

Lachanm Depite Etazini ap travay sou yon vòt ofisyèl ki ta otorize yon ankèt enkilpasyon kont Prezidan Joe Biden.

Jefò sa a vini nan moman Repibliken yo ap kole tèt ansanm pou yo eseye apwouve pwosesis la, malgre kè sote anpil moun nan pati a genyen dèske ankèt ki deja fèt la pat jwenn okenn prèv dèske prezidan an te mal konpòte l.

Ankèt la soulve kestyon etik, men pa gen okenn prèv ki montre Biden te aji yon fason koronpi oubyen aksepte lajan anba tab nan wòl li kòm prezidan ni kòm vis prezidan anba administrasyon Obama a.

Lidè Lachanm, Mike Johnson ak ekip li a ap fè fas ak anpil presyon pou montre ke vreman vre yo te fè pwogrè ak ankèt yo te mennen pandan yon ane, e ki te santre sou biznis manm fanmi Biden yo.

XS
SM
MD
LG