Accessibility links

Breaking News

FIFA Entèdi Ex-Prezidan Federasyon Foutbòl Espay la pou 3 Zan Akoz Bo li Bay Jwèz la


Ansyen prezidan Federasyon Foutbol Espay la, Luis Rubiales apre li kite Kou Siperye a nan Madrid, Espay, 15 Septanm 2023.
Ansyen prezidan Federasyon Foutbol Espay la, Luis Rubiales apre li kite Kou Siperye a nan Madrid, Espay, 15 Septanm 2023.

FIFA anonse ke Luis Rubiales, ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Espay la entèdi patisipe nan okenn aktivite foutbòl pandan 3 zan.

Rubiales ap fè fas ak akizasyon abi seksyèl ann Espay.

Oganizasyon Mondyal Foutbòl la te sispann Rubiales pou 3 mwa apre misye te bo san konsantman l yon jwèz seleksyon nasyonal feminen Espay la ki rele Jenni Hermoso pandan seremoni distribisyon meday Mondyal Foutbòl la 20 Out pase a.

Rubiales deklare li pral ann apèl ak desizyon sa a. Li akize FIFA dèske li pa ba li chans pou l defann tèt li.

Misye pibliye yon deklarasyon sou rezo sosyal ki di "mwen pral fè tout sa m kapab pou asire mwen gen jistis e ke tout verite a soti."

XS
SM
MD
LG