Accessibility links

Breaking News

Luis Rubiales Demisyonen Kòm Prezidan Federasyon Foutbòl Panyòl la


FILE PHOTO: 2030 World Cup bid - Portugal, Spain and Ukraine Press Conference
FILE PHOTO: 2030 World Cup bid - Portugal, Spain and Ukraine Press Conference

Prezidan Federasyon Foutbòl Panyòl la (RFEF), Luis Rubiales anonse demisyon li. FIFA te deja sispann misye apre li te bo jwèz Jennifer Hermoso sou bouch san konsantman li apre ekip panyòl la te ranpòte tit mondyal "Roja" la.

Nan yon entèvyou ak jounalis televizyon Britanik Piers Morgan li te deklare "Konsènan demisyon mwen an, wi, mwen pral fè li, wi, paske mwen pa ka kontinye travay mwen an nan sikonsans sa".

Rubiales te ajoute ke moun ki pwòch li yo te di l "+Luis, ou dwe pwoteje diyite w epi kontinye al viv lavi ou.

Sinon, ou pral fè anpil mal moun ou renmen ki pwòch ou ak tout espò sa ke ou renmen an."

Li kontinye poul di ke Federasyon foutbòl Panyòl la konfime ke li resevwa demisyon li, nan yon deklarasyon RFEF te di "nou te enfòme nan yon lèt ki te adrese Pedro Rocha Junco ki se (prezidan pwovizwa) federasyon an. E li te demisyone tou nan pozisyon li kòm vis-prezidan UEFA" .

Sekretè Deta a pou Espò, Victor Francos, nan mikwofòn radyo Cadena Ser. te di "Ansyen prezidan RFEF a te fè sa li te dwe fè, mwen panse se sa tout sitwayen peyi a te mande l poul fè '".

XS
SM
MD
LG