Accessibility links

Breaking News

Avoka Defans Rapè Ayisyen Pras Michel Mande yon Nouvo Pwosè pou Misye


Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.
Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.

Prensipal Avoka Defans rapè ak atis hip hop gwoup Fugees la, Prakazrel "Pras" Michel te sèvi ak yon pwogram eksperimantal entelijans atifisyèl yon fason ki pa apwopriye pou ekri agiman ki klotire pwosè wo pwofil la.

Se sa ki nan yon nouvo dokiman legal misye depoze devan tribinal semèn sa a kote li mande yon nouvo pwosè pou Michel.

Nouvo avoka Michel la, ArentFox Schiff deklare agiman klotu avoka David Kenner la, ke AI te jenere te echwe konplètman.

Misye di: "Agiman kloti Kenner la te fè kèk deklarasyon frivòl, te mal konprann kòk eleman obligatwa, konfonn konplo yo epi pa okipe ditou feblès kritik nan ka gouvènman an te prezante a" dapre dokiman legal la.

Nap raple ke apre yon jijman ki te gen temwayaj plizyè aktè tankou Leonardo DiCaprio ak politisyen tankou ansyen Minis Jistis Etazini Jeff Sessions, yo te jwenn Prakazrel Michel, alyas "Pras" koupab.

Yo te akize li kòmkwa li te pran lajan nan men yon finansye ki se moun Malezi, lajan ki te pase pa entèmedyè pou rive finanse kanpay reeleksyon Barack Obama an 2012, epi yo akize li tou kòmkwa li te eseye bloke yon ankèt Depatman Jistis tap mennen e chache enfliyanse ekstradisyon yon sitwayen nan Lachin sou administrasyon Trump la.

Defans la te di ke rapè a ki te genyen Grammy ak gwoup hip-hop li nan ane 1990 yo, te senpleman vle fè lajan epi li te resevwa move konsèy legal pandan li te chache tounen politisyen.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press

XS
SM
MD
LG