Accessibility links

Breaking News

Leonardo DiCaprio ap Temwaye Devan Tribinal nan Pwosè Pras Michel la


Foto Achiv: Leonadro DiCaprio nan gran premye film "Don't Look Up nan Nouyok, 5 Desanm 2021.
Foto Achiv: Leonadro DiCaprio nan gran premye film "Don't Look Up nan Nouyok, 5 Desanm 2021.

Aktè Leonardo DiCaprio te reponn prezan devan yon tribinal federal nan Washington jodi Lendi a pou temwaye nan pwosè rapè Prakazrel Michel - alyas Pras - ki se manm gwoup hip hop popilè Fugees la.

Lajistis Etazini akize Michel dèske li te aksepte plizyè dizèn milyon dola nan men yon finansye Malezyen ak gouvènman Chinwa a pou eseye pran tèt gouvènman Ameriken an.

DiCaprio, ki ranpote renome pou wòl li te jwe nan film "Titanic" la se youn pami plizyè vedèt ki gen koneksyon ak finansye Jho Low, ke yo sispèk volè 4,5 milya dola nan kont 1MDB souvren an.

DiCaprio te swadizan resevwa yon tablo Picasso nan men Low, ki te koni nan milye Hollywood la pou jan li te konn peye selebrite yo pou yo vinn fete ansanm avèl. Aktè a ap kowopere ak ankèt gouvènman Ameriken an.

Yo akize Michel dèske li te pwofite de konplo Low la kote l te vòlè lajan, ansanm ak yon kanpay enfliyans gouvènman China a ki te vize rapatriye yon disidan ki rele Guo Wengui.

Michel ap fe fas ak 11 chèf akizasyon.

Misye di li inosan.

XS
SM
MD
LG