Accessibility links

Breaking News

Lajitis Jwenn Rapè Fugees la Pras Koupab


Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.
Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.

WASHINGTON (AP) — Lajitis federal jwenn yon rapè gwoup Fugees la koupab nan yon konplo politik ki enplike plizyè milyon dola sou 2 administrasyon.

Apre yon jijman ki te gen temwayaj plizyè aktè tankou Leonardo DiCaprio ak politisyen tankou ansyen Minis Jistis Etazini Jeff Sessions, yo jwenn Prakazrel Michel, alyas "Pras" koupab.

Yo te akize li kòmkwa li te pran lajan nan men yon finansye ki se moun Malezi, lajan ki te pase pa entèmedyè pou rive finanse kanpay reeleksyon Barack Obama an 2012, epi yo akize li tou kòmkwa li te eseye bloke yon ankèt Depatman Jistis tap mennen e chache enfliyanse ekstradisyon yon sitwayen nan Lachin sou administrasyon Trump la.

Defans la te di ke rapè a ki te genyen Grammy ak gwoup hip-hop li nan ane 1990 yo, te senpleman vle fè lajan epi li te resevwa move konsèy legal pandan li te chache tounen politisyen.

XS
SM
MD
LG