Gouvènman Iran-an arete Mohammadi 13 fwa, li jwenn kondanasyon 5 fwa, e te jwenn santans 31 lane prizon ak 154 kout fwèt.
Komite Nobel-la di lavi Mohammadi enkane deviz ki di « Fanm – Lavi – Libète », deviz ke manifestan nan Iran te adopte ane pase lè yon jenn fanm, Mahsa Amini, te mouri anba men lapolis moralite poutèt li pa te byen mete vwal li.
Ane pase, kòm yon lidè pami prizonye-yo, li te leve vwa-li pou sipòte manifestan ki te pran lari nan Iran apre lanmò Amini. Responsab prizon-yo te fè-li sispann resevwa kout telefonn ak vizitè, men li te ranje kò-li voye yon atik ale nan jounal New York Times ki te parèt nan jou anivèsè lanmò Amini. Li ekri nan atik la, « Toutotan yo ap fèmen nou nan prizon, se toutotan nou ap pi solid. »