Accessibility links

Breaking News

Chèf LONU an Egzòte Lidè Mondyal yo pou yo Pase A L Aksyon


Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres rive an katye jeneral LONU 18 Sept. 2023.
Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres rive an katye jeneral LONU 18 Sept. 2023.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni an pwononse yon diskou chaje ak avètisman pesimis pou lidè toupatou nan mond lan.

Antonio Guterres deklare planèt la ap degringole akoz pakèt defi global ak tansyon jeyopolitik ki prezante devan l e li lanse avètisman pou di "sanble nou enkapab pou n kole tèt ansanm pou reponn."

Guterres pran la pawòl devan prezidan, premye minis, wa ak minis a l okazyon ouvèti rankont wo nivo Asanble Jeneral Nasyonzuni an.

Li detaye yon lis "menas egzistansyèl" mond lan ap fè fas, soti depi nan chanjman klimatik pou rive nan teknoloji ki ka koze gwo dezòd tankou entelijans atifisyèl.

Guterres di mond lan ap "degringole" e ke lidè ki rasanble jodia pap fè fas ak defi ki poze devan yo ak solisyon modèn.

XS
SM
MD
LG