Accessibility links

Breaking News

Yon Ajans Gouvènman Franse a Mande Pou Apple Retire iPhone 12 sou Mache a poutèt li Bay twòp Radyasyon


FILE PHOTO: IPhone 12 phones are seen at the new Apple Store on Broadway in downtown Los Angeles
FILE PHOTO: IPhone 12 phones are seen at the new Apple Store on Broadway in downtown Los Angeles

PARIS (AP) — Yon ajans gouvènman franse a bay Apple lòd pou retire iPhone 12 sou mache franse a, poutèt dapre ajans la li bay nivo radyasyon elektwomayetik ki twò wo.

Ajans Nasyonal Frekans mande Apple madi pou l "aplike tout mwayen ke li genyen pou repare vit defayans sa a" pou telefòn sa yo ki deja sou mache a.

Li di ke li pral kontwole amelyorasyon ki ta fèt nan iPhone 12 e ke Apple pral oblije repran telefòn ke li te deja vann si yo pa mache.

Apple diskite rezilta sa yo e li di telefòn nan konfòme li ak tout règleman sou radyasyon.

XS
SM
MD
LG