Accessibility links

Breaking News

Putin di li pap Renouvle Kontra Sereyal la toutotan Lwès la pa Satisfè Ekzijans li yo


Turkish President Erdogan and his Russian counterpart Putin hold a press conference in Sochi
Turkish President Erdogan and his Russian counterpart Putin hold a press conference in Sochi

Prezidan Larisi Vladimir Putin di pap renouvle akò sereyal ke yo te negosye pandan lagè a ki te pèmèt Ikrèn fè ekspòtasyon sereyal atravè Lanmè Nwa jiskaske Lwès la satisfè kondisyon Moskou te poze pou pwòp ekspòtasyon sereyal ak angrè pa li.

Ikrèn ak alye oksidantal li yo te rejte revandikasyon Moskou ke yo kalifye kòm mwayen pou fè vanse enterè Larisi.

Pawòl ke Putin te di nan chita-pale ak Edogan-nan kraze tout espwa pou relanse akò a.

Larisi te refize pwolonje kontra a nan mwa Jiyè a, pandan loksidan kwè se yon gwo kou pou sekirite alimantè mond la.

Pandansetan, Kremlin an ap ranje kò li pou ranfòse relasyon militè Larisi ak Kore di Nò.

Minis Defans Ris Sergei Shoigu di Lendi ke 2 peyi yo ka òganize egzèsis militè ansanm.

XS
SM
MD
LG