Accessibility links

Breaking News

Ouragan Idalia Frape Eta Jòji ak Florid Fò


Foto sa a ke Depatman Transpo Florid la distribye bay lapres montre otowout nasyonal 275 nan Be Tampa a nan Florid ki anvayi ak dlo, 30 Out, 2023.
Foto sa a ke Depatman Transpo Florid la distribye bay lapres montre otowout nasyonal 275 nan Be Tampa a nan Florid ki anvayi ak dlo, 30 Out, 2023.

Ouragan Idalia frape eta Florid ak Jòji ak gwo van ki menase lavi moun epi lapli.

Li rive sou Florid antanke Kategori 3, kivledi li poze gwo danje, le li te frape Bonè Mèkredi nan rejyon Big Bend lan kote pa gen anpil abitan.

Apre sa li te vanse nan direksyon ès la tou pre Tallahassee epi Valdosta, Jòji kote li te koupe fil elektrik epi fèmen otowout ki konekte eta a.

Meteyo a di ouragan an taka koze gwo kokenn chenn vag tou, ki se yon bagay ki ba yo kè sote.

Gen plis pase 230,000 kliyan ki san kouran apre ouragan an rache pye bwa epi fè otowout yo tounen rivyè.

Sant Nasyonal Meteyo a di Idalia pral frape eta Kawolin yo antanke Tanpèt Twopikal, anvan li reprann chimen lanmè a.

XS
SM
MD
LG