Otorite yo rapòte tou anpil dega nan vil Lviv nan lwès peyi a apre LaRisi te vize zòn nan ak misil jodi a.
Majistra Lviv, Andriy Sadovyi di sou Telegram pa gen moun ki viktim, men ke atak la donmaje plis pase 100 apatman epi detwi yon kindergarten.
Avyasyon militè Ikrèn fè konnen li desann 16 sou 28 misil ke LaRisi lanse sou peyi a.
Konseye prezidansyèl Mikhail Podolyak di sou X, ki te rele Twitter anvan, ke LaRisi te sèvi ak misil rapid e ak misil balistik pou atake bilding rezidansyèl ak endistriyèl nan Lutsk, Lviv ak Dnipro.
Yon lòt kote, Etazini anonse lendi yon nouvo asistans sekirite pou yon valè 200 milyon dola pou Ikrèn. Otorite ameriken yo di se premye pòsyon nan yon èd 6 milya 200-milyon dola ke Kongrè te deja otorize, e ki garanti livrezon rapid nan Ikrèn pil zam ki nan depo Pentagòn.