Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Atak Aeryen sou vil Odesa

This handout photograph taken and released by Ukrainian Emergency Service on August 14, 2023, shows rescuers pushing out a fire in a supermarket after a night strike in Odesa on Aug. 14, 2023. (Photo by Handout / Ukrainian Emergency Service / AFP)

Otorite nan Ikrèn di ke yon atak aeryen sou vil Odesa nan sid peyi a blese pou pi piti 3 moun.

Lame a di defans anti-aeryen desann tout 25 dronn ke LaRisi te lanse nan atak la, ansanm ak 8 misil ki te baze nan lanmè, men ke debri ki tonbe te fè dega atè a.

3 moun blese lè debri te tonbe sou yon sipè-makèt, e yon dòtwa etidyan te donmaje tou.

Ponpye te konbat plizyè dife ki te pete akoz moso wokèt ki te tonbe yo, se sa gouvènè rejyon an, Oleh Kiper, di sou Telegram.

Epi 7 moun pou pi piti mouri, pami yo yon fi 23 lane, epi 22 lòt pou pi piti blese nan rejyon Kherson.

Yon lòt kote, Ministè afè etranjè Ikrèn kondane jodia sa li rele gwo vyolasyon kont lwa entènasyonal ke lamarin

LaRisi ta komèt lè yon bato ris te tire kout zam avètisman sou yon bato kago ki gen drapo peyi Palau, ki te sou wout pou ale nan pò Izmail nan Ikrèn.

Ikrèn ekzòte patnè li yo pou yo – n-ap site - "ranfòse efò pou prezève Akò Sereyal Lanmè Nwa a, ki enpòtan anpil pou sekirite alimantè mondyal". Fen sitasyon

XS
SM
MD
LG