Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon Charite El Roi Haiti di Enfimyè ak Pitit Fi li ke Gang te Kidnape Sen-e-Sof


Foto Achiv: Alix Dorsainvil (a dwat) ak mari li Sandro Dorsainvil.
Foto Achiv: Alix Dorsainvil (a dwat) ak mari li Sandro Dorsainvil.

Oganizasyon charite El Roi Ayiti fè konnen enfimyè Amerikèn ak pitit fi li ke gang te kidnape an Ayiti nan fen mwad Jiyè a epi lage semèn sa a, sen e sof. Yo an bon eta sante.

Anons la Jedi soulaje kè sote anpil moun te genyen pou sityasyon Alix Dorsainvil ak pitit fi li.

Gang vyolan an Ayiti konn souvan maltrete epi pa fwa vyole moun yo kidnape yo.

El Roi Haiti, gwoup Kreyen ke mari Dorsainvil la fonde, remèsye otorite Amerikèn yo.

Li bay oganizasyon kretyen global ki travay sou kestyon sekirite anpil remèsiman tou pou asistans li. Oganizasyon an te voye konsiltan ede El Roi Ayiti jwenn liberasyon Madan Dorsainvil ak pitit li, 8 Out.

Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.

Potpawol Depatman Deta, Matthew Miller te reyaji sou liberasyon an Mèkredi:

" Etazini byen akeyi nouvèl sou liberasyon an. Nou pa gen okenn priyorite ki pi enpotan ke sekirite sitwayen Ameriken kap viv lot bo dlo. Nou eksprime apresasyon nou pou patnè Ayisyen ak ajans Amerikèn ki te ede fasilite liberasyon an. Pa respè pou vi prive yo nou pral kite sitwayèn nan pale sou sa li sot viv la lè li pare pou fè sa."

XS
SM
MD
LG