Accessibility links

Breaking News

Gang Ayiti Kidnape yon Amerikèn ak Pitit li Semèn Sa a


Foto Achiv: Panorama be Potoprens la, 22 Mas, 2023.
Foto Achiv: Panorama be Potoprens la, 22 Mas, 2023.

Gang Ayiti kidnape yon Amerikèn ak pitit li semèn sa a, dapre yon ganizasyon Kretyèn.

Ensidan an rive nan moman Etazini pase lòd bay tout pesonèl non-esansyèl li an Ayiti pou yo pati kite peyi a akoz ensekirite a.

Oganizasyon ki rele El Roi Ayiti deklare nan yon kominike: "Nou ka konfime ke Alix Dorsainvil, ki marye ak direktè nou ak pitit yo, viktim yon kidnaping ki fèt 27 Jiyè nan maten nan sit nou genyen tou pre Pòtoprens."

AFP mande Depatman Deta fè komante sou sa. Depatman Deta reponn "nou o kouran enfomasyon ki gen rapò ak anlèvman 2 resòtisan Ameriken an Ayiti. Nou an kontak regilye ak otorite Ayisyèn yo e nou kontinye travay ak yo."

Selon ONG a, Alix Dorsainvil se yon enfimyè ki tap "travay san gade dèyè (...) pou soulaje moun kap soufri nan non Jezu."

Se "yon moun ki renmen ak tout ke li e ki chaje konpasyon. Li konsidere Ayiti tankou si sete peyi natif natal li epi pèp Ayisyen an tankou fanmi li ak zanmi l," oganizasyon Kretyèn nan fè konnen.

XS
SM
MD
LG