Accessibility links

Breaking News

LaRisi ak LaChin Mete Fen nan Ekzèsis Naval Ke Te Fè Nan Lanmè Japon an

FILE - Chinese navy sailors stand in formation on board the naval training ship Qi Jiguang, as it docks at Manila's port, Philippines, June 14, 2023. China just concluded joint exercises with Russia's sea forces in the Sea of Japan.

LaRisi ak LaChin mete fen nan ekzèsis naval nan Lanmè Japon an, se sa ministè defans ris la anonse dimanch, pandan 2 alye yo ap chache apwofondi relasyon militè yo.

2 gwo kokenn peyi yo, ki pataje yon dezi komen pou yo kontre sa yo wè kòm dominasyon ameriken, vin pi pwòch antre yo nan domèn militè depi LaRisi te lanse envazyon Ikrèn ane pase, yon aksyon ke LaChin pa kondane.

"Yo fè 20 ekzèsis konba… antwòt nan tire kout kanno nan lanmè, sou lakot, e nan vize aparèy ki anlè," dapre lame a.

Lamarin ris te gen pou reprezante li 2 bato anti-soumaren, 2 ti bato rapid ak lòt bato ki te la pou ede, ak 2 bato lamarin, dapre ministè defans ris la. Nan wikenn nan, Peken te fè konnen li t ap voye 5 bato, pami yo yon destroyer ki gen misil gide.

XS
SM
MD
LG