Accessibility links

Breaking News

Lachin ap Pare pou Egzèsis Naval ak Larisi


Russia China Drills
Russia China Drills

Lachin di ke bato lamarin li yo ap prepare pou fè egzèsis ansanm ak fòs Larisi yo, sa ki moutre ke li kontinye sipòte Peken nan envazyon Ikrèn nan.

Anons sa fèt mèkredi nan moman konfli a gen move konsekans ekonomik ak imanitè.

Lachin di ke li toujou pa pran pati nan konfli a, men li akize Etazini ak alye li yo kòmkwa se yo ki te pwovoke Larisi.

Peken kenbe relasyon ekonomik, diplomatik ak komèsyal solid ak Moskou, pandan li di li pa pral bay okenn peyi zam nan konfli a.

Egzèsis la enplike plis pase 10 bato ak plis pase 30 avyon, dapre Ajans Nouvèl Xinhua nan Lachin.

Lachin sipòte Larisi e li kont tout efò Etazini pou kondane l nan fowòm entènasyonal yo.

XS
SM
MD
LG