Accessibility links

Breaking News

Fiziyad : Lanmò 2 moun e 28 blese pami yo plizyè minè nan Blatimore


BALTIMORE-SHOOTING/
BALTIMORE-SHOOTING/

BALTIMORE (AP) — Lapolis nan Baltimore di 2 moun pèdi lavi yo e 28 lòt blese nan yon fiziyad ki fèt nan yon katye nan vil Baltimore, kote 3 nan blese yo nan yon eta kritik.

Komisè lapolis pwovizwa nan Baltimore, Richard Worley, di se nan yon fèt nan kominote Brooklyn Homes te gen fiziyad la ki te tanmen vè 12:30 am dimanch.

Viktim ki mouri yo se yon fanm 18-an ak yon gason 20 lane.

Blese yo te nan laj apeprè ant 13 ak 32 lane, e plis pase mwatye nan yo se te minè.

Brandon Scott ki se majistra vil Baltimore mande nenpòt moun ki gen enfòmasyon sou krim sila pou ede anketè yo.

Baltimore anrejistre prèske 130 omisid ak prèske 300 fiziyad ane sa a.

XS
SM
MD
LG